Metropolitan Transportation Authority (MTA) ansanm avèk ajans li afilye avè yo ak filyal li yo angaje yo pou asire pa gen okenn moun yo anpeche patisipe, yo refize bay avantaj, oswa ki sibi diskriminasyon nan pwogram, sèvis, oswa aktivite nou yo akoz ras, koulè oswa peyi yo sòti (sa gen ladan l difikilte moun nan ka genyen pou l pale Anglè) jan Tit VI nan Lwa 1964 sou Dwa Sitwayen an bay pwoteksyon sou sa, ak laj, sèks, sa gen ladan l tizonnay seksyèl, oryantasyon seksyèl, idantite nan domèn seksyèl oswa gwosès, andikap, oswa relijyon jan sa parèt nan dispozisyon ki pran nan Lwa Federal sou Transpò yo, (49 U.S.C. § 5332).
Pou yon moun depoze yon plent pa ekri oswa pou l mande plis enfòmasyon konsènan Tit VI MTA a ak Règleman nan Lwa pou konbat Diskriminasyon yo, li dwe kontakte yon Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal MTA lè l klike la a, oswa pou l jwenn fòmilè plent lan l ap klike la a.
MTA Headquarters
Department of Diversity and Civil Rights
2 Broadway, 16th Floor
New York, NY 10004
(800) 466-8577
Depoze yon plent nan Ministè Transpò Etazini
Moun yo ka depoze yon plent dirèkteman nan: U.S. Department of Transportation
Federal Transit Administration
Office of Civil Rights Complaint Team,
East Building, 5th Floor—TCR
1200 New Jersey Ave. SE
Washington, DC 20590