1. Home
  2. MTA NYC Transit and MTA Bus Company Title VI Complaint Policy and Procedures
  3. Pwosedi Plent Tit VI Kompayi Otobis MTA

Pwosedi Plent Tit VI Kompayi Otobis MTA

Updated Oct 10, 2019

Nenpòt moun ki kwè ke yo te sibi diskriminasyon ki baze sou ras, koulè oswa orijin nasyonal pa Konpayi Bis MTA ka depoze yon plent Tit VI lè yo ranpli epi soumèt yon fòm plent Tit VI avèk ajans lan nan adrès ki endike sou fòm nan. Plent lan dwe depoze pa pita ke 180 jou apre dat swadizan ensidan an.

Yon fwa yo resevwa fòm plent lan Ofisye Chèf Konpayi Otobis MTA a, li pral egzamine l pou l detèmine si plent lan konstitye yon plent Tit VI ak/oswa si gen ase enfòmasyon pou yon ankèt. Moun ki pote plent lan ap resevwa yon lèt ki enfòme l si plent lan kouvri anba Tit VI ak/oswa si li bezwen plis enfòmasyon pou yo ka fè yon ankèt Tit VI. Nan ka kote yo ta bezwen plis enfòmasyon, Ofisye EEO Chèf la  pra l kontakte moun ki pote plent lan, e yap bay moun ki pote plent lan yon tan rezonab pou l bay enfòmasyon yo mande a. Si enfòmasyon an pa resevwa, Konpayi otobis MTA ka administrativman fèmen ka a. Yo ka fèmen yon dosye administrativman si moun ki pote plent lan pa kolabore avèk ankèt la oswa si l di ke li pa enterese pou kontinye avèk dosye a.

 Ofisye Chèf EEO a pral ankète sou plent Tit VI ke li gen ase enfòmasyon. Apre ankèt la fini, yap voye de lèt bay moun ki pote plent lan: yon lèt fèmti oswa yon lèt sou rezilta (LOF). Yon lèt fèmti ap rezime akizasyon yo, e lap di ke yo pat kapab etabli vyolasyon Tit VI la e yap fèmen dosye a. Yon LOF rezime akizasyon yo konsènan swadizan ensidan, e li eksplike si yo te rekòmande nenpòt kalite aksyon koreksyon. Si moun ki pote plent lan vle konteste desizyon an, li gen 15 jou ouvrab apati dat lèt fèmti a oswa LOF pou fè demann lan a Ofisye Chèf EEO a (enfòmasyon kontak la nan fòm plent lan) e li dwe gen ladan nenpòt rezon (yo) poukisa yo ta dwe akòde apèl sa a.

Yon moun ka depoze yon plent tou dirèkteman nan Depatman Transpòtasyon Etazini lè li kontakte Depatman an nan

U.S. Department of Transportation
Federal Transit Administration
Office of Civil Rights: Complaint Team
East Building 5th Floor – TCR
1200 New Jersey Ave. SE, Washington, D.C. 20590

Fòm Tit VI fòm plent nan Konpayi Otobis MTA