1. Home
  2. Transparency
  3. Title VI/Non-Discrimination Policy
  4. Tit VI/Règleman pou Konbat Diskriminasyon

Tit VI/Règleman pou Konbat Diskriminasyon

Updated Apr 26, 2024
Pou w ka fè demann sèvis èd gratis, ou ka rele nan 511.

Agajman nan Efò k ap fèt pou konbat Diskriminasyon

Metropolitan Transportation Authority (MTA) ak ajans afilye yo ak filyal yo: Long Island Rail Road, Metro-North Railroad, MTA Bus Company, Construction and Development Company, Grand Central Madison Concourse Operating Company, ak New York City Transit Authority, sa gen ladan l Manhattan and Bronx Surface Transit Operating Authority ak Staten Island Rapid Transit Operating Authority (nan dokiman sa a yo rele yo nan yo tout “MTA” oubyen “Ajans MTA”) angaje yo pou yo respekte prensip tit VI nan Lwa 1964 sou Dwa Sitwayen yo ak asirans MTA Tit VI Avi pou Piblik la.

Depoze Plent Ki gen Rapò ak Tit VI ak Dispozisyon pou Konbat Diskriminasyon

Si nenpòt moun panse yo te sibi diskriminasyon nan MTA oswa nan nenpòt Ajans MTA akoz ras, koulè po yo, peyi yo sòti, sa gen ladan l difikilte yo genyen pou yo pale Anglè, laj, sèks, andikap, oswa relijyon, yo gen dwa pou yo depoze yon plent Diskriminasyon Tit VI.

Fason pou w depoze Plen Tit VI/Règleman pou Konbat Diskiminasyon

Moun yo ka depoze yon plent lè yo rele Depatman apwopriye ki reponsab Divèsite ak Opòtinite Egal la, lè yo voye yon imel nan titlevicomplaints@mtahq.org owa lè yo kontakte Sèvis Kliyan MTA a nan 511.

Moun yo ka depoze yon plent tou lè yo ranpli Fòmilè Jesyon Plent Tit VI ak Lwa ki gen Rapò ak dispozisyon pou konbat Distriminasyon an epi pote l ale oswa voyel pa lapòs nan adrès Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal ki apwopriye ki mansyone nan fòmilè a. Chak ajans MTA gen pwòp Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal pa l, e ou ka jwenn adrès sa yo tou lè w klike la a.

Yon plent ranpli se lè nenpòt Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal resevwa l. Plent yo dwe ale nan espas 180 jou aprè ou fin di ou te sibi diskriminasyon an. Eksepsyon an gen rapò ak akizasyon tizonnay seksyèl, ki li menm bay moun nan pozibilite pou l depoze plent lan jiska 3 lane aprè l te fin di sa ki pase a, annamoni ak Lwa nan Eta Nouyòk. 

Premye Analiz ki fèt sou yon Plent

Kou MTA resevwa yon plent, yo fè yon verifikasyon pou yo ka wè si enfòmasyon yo resevwa yo sifi pou deside si gen yon posibilite vyolasyon Tit VI la ki anba pwoteksyon Tit VI MTA a e ki gen rapò ak Enstriksyon ki gen nan Règleman pou konbat diskriminasyon an. Verifikasyon sa pral fè yo wè to si moun nan te voye plent lan nan espas 180 oswa 3 lane pou akizasyon tizonnay seksyèl, epi verifye si menm moun nan pa t gentan fè yon plent konsa. Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal la ka mande lòt enfòmasyon, e y ap bay moun ki depoze plent lan yon kantite tan rezonab pou l reponn.

Yo p ap aksepte mennen envestigasyon oswa pranokenn desizyon konsènan plent lan si moun nan depoze l aprè delè 180 jou a (Ekspesyon: delè 3 lane pou akizasyon tizonnay seksyèl), si li se menm ak yon plent moun nan te gentan depoze, oswa si Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal la deside li pa gen pwoteksyon règleman ki la pou konbat diskriminasyon ki nan Tit VI MTA a. Nan ka sa a, moun ki depoze plent lan ap resevwa yon avi nan espas 15 jou ki fè l konnen yo p ap fè envestigasyon sou dosye a.

Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal la ka fèmen yon plent, jan Ofisye Opòtinite Egal la vle sa a, si moun ki depoze plent lan pa kolabore pou envestigasyon an ka fèt, pa reponn oswa pa bay lòt enfòmasyon yo mande l yo, oswa si l fè konnen li pa gen entansyon kontinye ak plent lan ankò.

Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal la ka pa aksepte yon plent si prèv yo pa sifi pou mennen yon envestigasyon ki konplè e ki san patipri.

Envestigasyon sou yon Plent

Si Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal la deside plent lan respekte kritè pou gen yon vyolasyon jan pwoteksyon Tit VI Tout Ajans MTA yo ak enstriksyon sou règleman ki gen rapò ak Prensip ki la pou konbat Diskriminasyon an, y ap voye yon avi pou moun ki te depoze plent lan, pa lapòs oswa pa imel, pou yo fè l konnen yo aksepte mennen envestigasyon sou plent lan. Epitou, nan lèt la y ap fè moun nan konnen li gen dwa pou l depoze plent lan dirèkteman nan Biwo Dwa Sitwayen pou Administrasyon Lfederal Transpò Piblik.

Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal la pral mennen envestigasyon sou plent diskriminasyon Tit VI ki gen ase enfòmasyon. Kou envestigasyon an fini, moun ki depoze plent lan ap resevwa yon avi sou rezilta ki sòti a ak tout dispozisyon koreksyon ki pran.

Pou yon moun depoze yon plent oswa pou l mande plis enfòmasyon konsènan Tit VI MTA a ak Règleman ki gen rapò Lwa ki la pou konbat Diskriminasyon yo, li dwe kontakte yon Depatman ki responsab Divèsite ak Opòtinite Egal MTA byen presi oswa kontakte:

MTA Headquarters
Department of Diversity and Civil Rights
2 Broadway, 16th Floor
New York, NY 10004
(800) 466-8577